Kisa sa vle di EWOSYON?
Koze
agrikol pwal fè yon ti pale ave nou sou Ewozyon.
Kisa Sa
vle di Ewozyon? Ewozyon se yon fenomen ki pote ale kouch tè ki kapab bay manje a ak tout dechè ki te pèmèt tè a vin reprann fos
.
Ki
sa ki lakoz fenomen sa a nou rele ewozyon an ?
1-Gwosè gout lapli
yo
Lè yon gout
lapli tonbe sou yon tè ki tou touni,li
deplase enpe tè.
2-Kantite
lapli ki tonbe
Lè gen anpli
lapli ki tonbe,gen anpil dlo kap kouri e ki charye tout Sali ka pote :Tè,Bèt,Jaden….
3-Pant
tèren an.
Plis tèren an panche,plis pant tèren an
long,se plis lavalas ap fè dega.plis
dlo a jwenn pant pou li galope,gen mwens dlo ki rantre nan tè a.
4-fason
tè a travay
Gen kote se dife ki sekle,gen kote yo pike
tè a apre dife fin fè pase,gen kote yo brile tout tipay anvan yo plante,gen kote yo
laboure tè a twò souvan (Sitou sise yon tè fen)
5-Pwoblèm bèt
Gen anpil te kip a
leve zeb anko paske bèt pile yo twop,te yo vin di,dlo pa rantre nan
yo.
Konsekans Ewozyon
Lè youn oswa plizyè nan kondisyon
nou sot site la yo reyalize sou yon tèren,kouch tè arab la (bon te a) ale,kouch vivan an ale,tè a pa ka bay randman lite konn
bay la ankò.
Lè randman an bese ,gen
mwens manje,plis grangou,plis mize,peyizan blije chèchè lòt mwayen pou yo viv:fè chabon,vann tè,pati dèyè djòb lòt peyi……
Sitiyasyon say o kreye
yon dezekilib nan lanati ak nan lasosyete.
Siw vle rete konekte ak nou,al sou facebook ,tape Koze Agrikol epi j'aime page la.Mesi
Siw vle rete konekte ak nou,al sou facebook ,tape Koze Agrikol epi j'aime page la.Mesi
Commentaires
Enregistrer un commentaire