kote Zoranj ak Sitwon soti ?


Zoranj ak sitwon pa  Orijin yon agrim ki pouse nan  yon Jaden.
Tout fri  Agrim yo soti nan 3 fri  sa yo (Cédrat, Mandarine et Pamplemousse)
Environ 5.000 Ane 3 fri sa yo te kon’n  kiltive e konsome an Asie sud’ est  se nan rejyon sa  yo te premye kwaze 3 fri sa yo.
 Maryay ant Mandarine +pamplemousse=bigarade (sa nou rele zoranj su a.)
Maryaj ant  Mandarine +Bigarade=Orange (dous)
Maryaj  Bigarade+Cédrat=Citron
Apre Maryaj fri sa yo fri Agrim (Agrumes) yo te kontinye ap  vann  nan tout basen  Mediteraneyen an
O Mwayen Naj vin gen nouvo kwazman kap fèt toujou,Varyete Zoranj  ak Citron kontinye ap miltipliye e te vin men’m  arive  kolonize kontinan afriken an.Nan fin 15 zyèm syèk  la Agrim yo travèse oseyan atlantik  e te arive enplante o Zantiy. Kwazman fri  Agrim yo te vin repwann ap fèt toujou.se la vin gen Pomélo  fri  kwazman ant  Pamplemousse+orange ( dous).
 Fri Agrim vin gaye nan tout kontinan ameriken an,jounen jodya kivin kiltive sou yon vaz teritwa. E prisilpal peyi pwodiktè  yo se ,Brezil,Chin e letazini.
Lot Sijèt nap gen pou nou wè se Ki kritè ki ka fèw di fri sa plase pami fri agrim.
Kontinye swiv nou ,e fè zanmiw j’aime page Koze Agrikol la! 2e Sijè a ap pi  bèl .Mèsi

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Kisa sa vle di EWOSYON?

la mycose des ongles