Mensa nou dwe konnen sou yon jaden banann-n.
Bannan-n ka plante tout tè nan lane a epi li ka devlope nan anpil kalite tè Men li pito tè ki pa gen twòp sab,ni twò an pant,epi tou kipa gen
twòp wòch ,e ki pa gen anpil pye
bwa paske li pa renmen lonbray.
Bannan-n pa renmen dlo
chita kote li ye tou.kidonk kote ki genyen dlo chita tankou tè Ajil ak tè marikaj yo pa rekòmande pou nou plante bannan-n.
Si nou ta vle plante’l
nan tè sa yo
.lè sezon
lapli fòk nou drene dlo a,sa vle di fè wout,siyon pou jete dlo ki anplis nan tè a .NB Bannan-n renmen tè ki byen travay.
Manje bannan-n nan pwan nan tè a tankou
Azot(A) ak potasyom(K) ,li renmen pwan yon lot eleman kir le souf(F) ki ede
bannann nan devlope pi byen bannann pwan sèlman tikras fosfò nan tè a.
Kijan nou ka
goumen ak kèk maladi ki fè anpil dega nan jaden
bannann?
Sigatoga nwa,pou kwapel byen netwaye kreyòl yo epi trete plan yo pou retire tout tras nematòd
la ak charanson.
Diminye kantite pye bannann pou solèy kapab frape
nan tè a pi byen,sakle tè a souvan jiska 6 saklaj anvan rekot la.sevi ak fimye
pou fey yo ka soti pivit anvan maladi an atake yo.
Nematòd ;atake rasin pye bannann sa ki
lakoz ou ka pedi jiska yon ka rekòt.pou sa pa rive netwaye dèyè plan yo ak yon
kouto pwòp pou retire tout tras nematod
la,si ou kapab trete yo avèk dlo cho oswa Vidat.
Commentaires
Enregistrer un commentaire