Maladi Klamidiya
Maladi Klamidiya
Klamidiya se yon mikwòb k’ap bay anpil fòm de maladi
nan kabrit yo.Klamidiya se yon mikwòb kap rete
nan trip kabrit yo epi pafè anyen,sa vle di li pafè kabrit
malad,men kabrit sa a ap toujou mete mikwòb yo a tè lè yo twalèt epi lot kabrit ka
vin enfekte ak maladi a.Li atake e fè Kabrit yo
malad apre yo pran chòk.pou egzanp le w al
nan mache epi ou achte,de twa jou apre w
vini nan kay la ouwè kabrit la vin malad.
Ki siy nou ka wè ak Klamadiya ?
Kabrit la gen je k’ap koule dlo,li ka
touse,men li pa gen gwo larim.Apre kek jou wap wè je li vin blanch epi yo avèg.
Si ou Rele yon veterinè ou ka geril touswit,men si ou tann two lontan avan ‘w bay medikamen
kabrit la ap avèg nèt. Lòt Fòm maladi Klamidiya ap fe kabrit
ki gwo plenn (denye mwa) fè avòtman oubyen pitit yo ka fèt men yo fèb oubyen yo pa vivan. Ou yo ka fèt tou mouri.
Ki jan pou’m trete maladi Klamadiya?
Medikaman k’ap geri maladi sa se ositetrasiklin (Oxytetracycline).Li pi bon pou
gen yon Veterinè bay piki yo pou
asire bèt la ap resevwa kantite medikaman li
bezwen. Si se nan dòz 20mg/kg.Si Duramycin 300
wap bay li 1-2 piki (yon piki chak 7 jou)
Ki jan pou’m anpeche maladi Klamadiya rive sou kabrit mwen ?
Lew achte yon nouvo kabrit kenbel apa lot
kabrit pa ou ,pou kèk jou pou wè si li vini malad.
Si ou gen kabrit ki gen Klamadiya pa kitel
rete ak lot kabrit yo. Kenbel apa jis li geri.Li pi bon pou bay kabrit yo ki pre sa ki malad yon piki
medikaman tou,menm si’l pa montre ou siy
yo malad,lika edew anpeche yo gen maladi
a. Si yo gen pwoblèm je blanch li bon
pou bay piki epi mete pomad oubyen gout tetrasiklin nan je ki afekte a.
⧭
Mesi Deske te pwan tan pou te li ,e konpran
maladi sa.e siw ta yon elvè kabrit
toujou mete ti konsèy sa yo an prekosyon
pou ou pa pè di bèt ou. "Bèt ou se kanè bank ou li ye li ye"
Commentaires
Enregistrer un commentaire