Medòd pou fè yon bon kalite plan Bannan-n Medòd PIF




                                 Medòd pou fè yon bon kalite plan Bannan-n Medòd PIF

Medòd PIF la ka  pèmèt ou jwenn nan yon kreyòl 6 oswa 7 plan kip a gen jèm maladi,yo rele kreyòl,ti pye bannann  ki pouse bò kote gwo pye bannann  nan.

  • Me kijan pou jwenn plan bannan-n PIF yo :
  1.          Chwazi kreyòl ki gen bon rezèv,epi ki soti nan zon ki pa gen genyen maladi ak yon touf ki pa gen maladi.
  2.          Netwaye kreyòl la byen ak yon kouto pwòp ki  file, yon fason pou pa kite okenn rasin sou li.Epi retire tout tras nwa ak premye kouch sou dèyè kreyòl la pou elimine tout tras nemadòd.yo rele operasyon sa a paraj.
  3.         Chache boujon yo ki sou kreyòl la retire 4 oswa 5 nan gen ki makonen lia.
  4.          Mete plan ki netwaye epi ki fin demakonnen yo poze 2 jou yon kote ki pa gen solèy.
  5.          Apre peryòd repo sa nap retire sou kreyòl yo tout pati nan gèm nan kitwòp sou boujon yo ki ka anpeche yo devlope.operesyon sa arele RAJENISMAN.
  6.          Nap fè yon kwa sou tèt tout kreyòl yon an zòn ki parèt tankou yon ti pwen klere pou ka bloke aktivite meristèm nan operasyon sa a rele DEZAKTIVASYON.
  7.          Apre Blokaj la,mete tout kreyòl yon an jèmwa yo a kote lòt, men san yo pa kole.Apre yon jou ou ka wouze jèmwa a,wap kontinye wouze yo yon fason pou jèmwa  pa janm gen twòp dlo, ni tro sèk.
  8.          Nan jèmwa a ou ka mete poud bwa ki pou ede rasin yo soti kantite poud la dwe mwatye veso a.
  9.          Apre 15 jou rasin yo ap kòmanse pouse sou kreyol yo lè yo genyen 3 oswa 4 fèy leve,ou ka pran yo pou mete nan sache pou yon ti tan deyò Jèmwa  a.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Kisa sa vle di EWOSYON?

kote Zoranj ak Sitwon soti ?

la mycose des ongles